Ansansè: Lwa sou Ameriken ki gen Andikap yo (ADA) idantifye yon ansansè kòm yon machin ki transpòte moun oswa machandiz vètikalmnan ant etaj yo.
Karakteristik pou Deplasman: Lwa ADA a idantifye karakteristik sa yo pou ede nan deplasman yo nan bilding kote moun ap viv yo: Ouvèti Pòt ki laj (omwen 32 pous), koulwa ki aksesib avèk espas atè a ki lib, ba pou kenbe nan twalèt yo, kontwa ki ba, switch ak priz ki aksesib, evye ak lavabo dispoze yon jan ki aksesib, espas pou jenou anba amwa yo, ranp nan rantre yo, douch ki aksesib pou chèz woulan, elatriye.
Karakteristik pou defisyans vizyèl: Lwa ADA a idantifye karakteristik sa yo pou ede nan ka defisyans vizyèl: gwo kontras nan koulè yo, siyalizasyon pou manyen avèk lèt ki resòti epi Braille, rantre ak sòti ki make byen klè, switch ak kontwòl pou limyè ki aksesib, sifas atè ki tekstire kote ki ka gen danje yo, avèk alèt ki ka tande pou aparèy yo, sonèt pou pòt ki gen alèt vizyèl ak ki ka tande, elatriye.
Karakteristik pou defisyans nan tande: Lwa ADA a idantifye karateristik sa yo pou ede nan ka defisyans nan tande: sistèm notifikasyon vizyèl tankou limyè k ap flache pou sonèt pou pòt ak pou alam yo, sistèm kominikasyon ki aksesib nan rantre yo, endikatè vizyèl pou enfòmasyon enpòtan yo, ak opsyon pou enstale aparèy èd pou tande anndan inite lojman yo, elatriye.
Kòd Règleman Massachussetts 521 an (521 CMR) se kòd batiman ki konsènen aksè pou moun ki gen andikap yo pou bilding ki nan Commonwealth Massachussetts la.
Chwazi tout sa ki aplike yo nan lis ki pi ba a